Kreyol Kreyol Français Français Español Español English English
Kòman Pou Modifye Pwofil Ou – lakaymwen.com
  • Vann
  • 11 Feb
    Kòman pou fè
    364 Wè
    0 Kòmantè

    Kòman Pou Modifye Pwofil Ou

    Li trè enpòtan pou gen yon pwofil ke moun ka rekonèt, sa ap fè li pi fasil pou kliyan kontakte'w epi li ap fè moun ki wè piblisite'w yo gen plis konfyans ke ou serye. Pou pati sa'a, nou sipoze ou konnen ki jan pou enskri sou lakaymwen. Si'w pa konnen, chèche pou "Kòman pou enski" nan sant èd la.

    Pou modifye pwofil ou'a, ou dwe deja ouvri yon sesyon, w'ap konnen sesyon'an ouvri lè'w wè anvlòp ble'a. Premyèman, klike sou ikòn koneksyon'an jan li montre nan foto'a.

    Ou pral jwenn yon meni, chwazi "Kont mwen" epi chwazi "Edite Pwofil".

    Ou pral moute sou yon paj pou modifye pwofil la.Premye bagay se mete yon foto pwofil.
    Klike sou ikòn kamera'a epi telefòn ou ap prezante'w opsyon pou chwazi yon foto.

    Meni telechaje ou wè'a pral depann de kalite telefòn ou. Premye foto a se pou iphone (IOS).
    Dezyèm foto a soti nan android.

    iPhone
    Android

    Lè'w fin chwazi foto'w vle'a, li pral mete ajou otomatikman.

    Ranpli liy endike yo, li fè'l pi fasil pou moun kontakte'w sou paj piblisite'w yo. Mete 509 nan telefon yo.
    Non ou, Siyati ou, obligatwa lè'w ap peye, mete yo pou pa bzewn mete yo pita.
    Kalite itilizatè'a ba'w 4 chwa, "Machann", "Endividi", "Ajans", "Founise", chwazi sa ki asosye avèk ou.

    lè ou fini ak tout enfòmasyon ou vle mete yo, peze Mizajou, epi ou fini.

    Si'w rechaje paj la, w'ap wè foto'w te chwazi'a.

    Sa se ki jan moun pral wè kat kontak ou sou piblisite'w.

    Ou ka modifye pwofil ou nenpòt lè ou vle.

    Ouvri Sesyon