Kreyol Kreyol Français Français Español Español English English
Kòman pou poste – lakaymwen.com
  • Vann
  • 11 Feb
    Kòman pou fè
    503 Wè
    0 Kòmantè

    Kòman pou poste

    Pou'w ka vann sou lakaymen.com, ou bezwen yon kont, chèche pou "kreye yon kont" pou wè kijan pou fè sa.

    Lè'w chwazi vann, ou dwe deja ouvri yon sesyon. Si ou pa gen sesyon ovri, sit la ap mande'w pou fè sa, lè ou chwazi yon plan.

    Gen kat plan ke ou ka chwazi depann de sa ou vle vann.

    • Premye plan se "Vann Yon Machin"
    • Dezyèm plan se "Vann Kay Oswa Tè Ou"
    • Twazyèm Plan se "Lwe Kay oswa Chanm ou"
    • Katriyèm plan se "Vann Tout Lòt Bagay"

    Non plan yo eksplike pou kisa yo ye. Pou egzanp, ou pa ka vann yon machin nan plan "Vann Tout Lòt Bagay" la p'ap gen okenn opsyon pou chwazi yon machin.

    Yon fwa ou deside nan ki plan ou vle kreye piblisite'w la, peze soumèt.

    Yon fwa ankò, si ou pa deja gen yon sesyon ki ouvri, sit la ap mande'w pou ouvri sesyon'an. Lè sa'a, w'ap oblije chwazi plan'an ankò

    Pou egzanp sa'a, nou pral itilize plan "Vann Tout Lòt Bagay" la.

    lè ou peze soumèt, ou pral moute sou yon fòm pou ranpli kesyonè de piblisite'w la.

    Tit Piblisite'a, mete sa'w vle. Tag la pa obligatwa men si'w mete de,twa, bagay nan li, li ka fè piblisite'w la pi fasil a jwen lè moun ap chèche.

    Liy Kategori'a obligatwa. Lè' ou chwazi li, w'ap gen opsyon pou chwazi sa ou vle vann nan. lis la ka moute desann nan tou opsyon pou chwazi yo.

    Lè'w fin chwazi kategori'a, lòt liy yo pral chanje depann de sa'w te chwazi'a.

    Peye atansyon avè liy ki obligatwa yo, ou dwe ranpli yo oubyen ou pap ka kontinye.

    * Si ou pa konnen Mak la, mete yon bagay, petèt "Mwen pa sèten"

    deskripsyon'an pa mande anpil, petèt yon bagay senp ki eksplike sa'w ap vann nan.

    li lè pou chwazi foto pou montre client yo sa'w ap vann nan. Chak plan gen yon sèten kantite foto ki pèmèt.

    Lè'w peze Parcourir la, l'ap pemet pou chwazi foto ki so telefòn ou, oswa ou ka fè nouvo foto.

    *Pa bliye, lè piblisite'w gen imaj, w'ap jwen plis moun ki Entèrese.

    Kòm ou ka wè nan imaj ki anwo'a, lokasyon piblisite'a obligatwa. 

    Premyèman ou pral chwazi Eta'a apre sa Vil la ap vini pou ka chwazi nan li.

    * Pa bliye lis chwazi yo, ka moute desann.

    Lè ou fin chwazi Eta ak Vil la, w'ap bezwen peze bouton "Jenere kat Jeyografik" la.

    Lè kat jeyografik la montre'w lokasyon ou ye'a, peze bouton Soumèt nouvo piblisite'a.

    Kounye'a li lè pou nou peye. Verifye enfomasyon nou nan paj peye'a.

    * Resi'w ap ale nan imèl ou, si'w pa gen yon imèl, resi'w prale sou WhatsApp ou, se sak fè nimewo whatsapp la obligatwa.

    Lè'w fini verifye enfòmasyon yo, tcheke ti bwat ki di ou "Mwen li epi mwen dakò ak tèm ak kondisyon sit la" epi peze peye.

    W'ap moute sou paj MonCash la, w'ap antre telefòn ou avek pin ou epi w'ap chwazi peye. MonCash ap voye yon kòd ba ou pou virefye ke ou se mèt kon la.

    Kou'w fin verifye, peman ou'a pral poste epi w'ap resevwa resi ou ki endike piblisite'w la aktif.

    Si tout bagy te fèt byen, w'ap resevwa mesaj sa'a ki di nou resevwa piblisite'w la.

    Felisitasyon, ou mete yon bagay pou vann pou tout moun ayeti é sou net la ka wè!!! ale nan tablodbò ou a, pou verifye lis ou a.

    Tags: ,
    Ouvri Sesyon