Kreyol Kreyol Français Français Español Español English English
Kòman Pou Navige Lakaymwen – lakaymwen.com
  • Vann
  • 11 Feb
    Kòman pou fè
    351 Wè
    0 Kòmantè

    Kòman Pou Navige Lakaymwen

    Avan ou vann sou lakaymwen,li se yon bon ide pou konpran kòman pou navige sou lakaymwen.

    Si ou sou sit lakaymwen.com oswa nan aplikasyon lakaymwen'an gen kèlke bagay w'ap bezwen rekonèt.
    1. Bouton menu, lè'w Peze li, yon menu ap ovri sou bò goch la.
    2. Bouton Vann, l'ap menen ou sou paj pou kòmanse pwosè pou kreye piblisite'a.
    3. Bouton Sesyon, l'ap menen ou sou paj pou ouvri sesyon oswa anregistre sou lakaymwen.
    4. Bouton Chèrche: L'ap ba ou yon menu pou ka chèrche bagay sou lakaymwen.
    5. Menu Applikasyon: Pèmèt pou aksè bagay sou sit la oswa opsyon applikasyon'an.
    6. Rechaje: Pèmèt pou rechaje yon paj si'l pa parèt byen oswa pou mete li ajou.
    7. Pataje: Pèmèt pou pataje yon piblisite w'ap gade.
    8. Lang: Pèmèt pou chanje sit la ak youn nan 4 lang yo.


    Bouton Menu 1 an ap ba'w menu sa'a, men si'w pa ouvri yon sesyon, Lakay, Piblisite ak Kategori sèlman k'ap parèt.


    Lè'w peze bouton Chèrche 4 la, l'ap ba'w yon menu konsa. W'ap antre sa w'ap chèrche'a epi ou ke chwazi lokasyon'an epi peze chèrche.


    Si ou nan applikasyon lakaymwen'an, w'ap gen bout nan anba applikasyon'an.

    Lakay: Ap mete'w sou premye paj sit la.
    Kategori: Pèmèt pou chèrche pa kategori.
    Vann: Menen'w sou paj pou kòmanse pwosè piblisite'a.
    Dachbòd: Menen'w sou paj ki gen enfòmasyon piblisite'w yo.
    Èd: Si'w bezwen konen kòman pou fè yon bagay, nou gen plizye sijè de èd.


    Chat: Bouton chat la, se pou lè`w vle pale ak yon ajan si'w gen yon pwoblem ap eseye fè yon bagay ki pa nan paj èd la.


    Pou wè Dachbòd ou, fòk ou gentan ouvri yon sesyon. Aprè sa, lè'w ale sou dachòd, l'ap parèt konsa.


    Gade lòt sijè kòman pou fè yo.

    Ouvri Sesyon