Kreyol Kreyol Français Français Español Español English English
Kòman pou enskri – lakaymwen.com
  • Vann
  • 11 Feb
    Kòman pou fè
    495 Wè
    0 Kòmantè

    Kòman pou enskri

    Anvan ou ka vann sou lakaymwen.com, w'ap bezwen anrejistre pou yon kont. Gen de fason pou'w enskri pou yon kont, Premye ak rekòmande fason pou anrejistre se sèvi ak kont google oswa facebook ou ki egziste deja.

    Premyèman, klike sou ikòn koneksyon'an jan li montre nan foto'a.

    Nan paj konekte'a, chwazi swa google oswa facebook epi konekte ak enfòmasyon pou kont ou chwazi'a. W'ap anrejistre otomatikman.

    Apre ou fin anrejistre epi konekte'w, l'ap mennen'w nan paj tablodbò'w la kote ou ka jere lis ou yo.

    Apre sa, chak fwa ou bezwen konekte, jis itilize menm kont ou te anrejistre ak premye fwa'a.

    Dezyèm fason pou anrejistre se pou klike sou ikòn koneksyon'an jan li montre nan foto'a.

    Nan paj konekte'a chwazi enskri.

    Nan paj enskripsyon an, antre enfòmasyon ki nesesè yo epi peze soumèt.

    Apre ou fin enskri, ou ka konekte lè'w ale nan paj Ouvri sesyon'an epi antre Non itilizatè ak modpas ou te itilize pandan enskripsyon an epi peze Soumèt.

    Apre'w fin konekte avèk siksè, l'ap mennen'w nan paj tablodbò'w la kote ou ka jere lis ou yo.

    Apre sa, chak fwa ou bezwen konekte, jis itilize menm non itilizatè ak mod pas ou te chwazi le'w t'ap anrejistre'a.

    Tags:
    Ouvri Sesyon