Kreyol Kreyol Français Français Español Español English English
Kòman Pou Itilize Koupon – lakaymwen.com
  • Vann
  • 11 Feb
    Kòman pou fè
    322 Wè
    0 Kòmantè

    Kòman Pou Itilize Koupon

    Pou pati sa'a, nou sipoze ou konnen ki jan pou kreye yon piblisite. Si'w pa konnen, chèche pou " kinja pou kreye yon piblisite" nan sant èd la.

    Itilizasyon kòd koupon an se nan pati kesye'a li ye, le'w ap kreye piblisite'a.

    Anlè nan paj peye'a

    apre ou fin klike sou "Klike la'a pou antre kòd koupon'w" la. l'ap ouvri yon bwat pou tape kò la. Kòm ou ka wè nan egzanp la, mwen tape "lakaymwen2021" lè'w fini, peze bouton "APLIKE KOUPON" an

    Lè'w fin peze "APLIKE KOUPON", w'ap resevwa yon mesaj siksè oswa echèk. nan egzanp sa'a, koupon'an pa egziste.

    Pou verifye ke koupon an te aplike avèk siksè, desann nan pati anba nan paj la, Ou pral wè ki kote koupon an te aplike ak konbyen li te retire.

    Nan egzanp sa'a, koupon an retire tout frè'a, kèk koupon ka retire mwatye. Pou fini, ou bezwen tcheke ti bwat ki di "Mwen te li epi mwen dako ak tèm ak kondisyon sit la" epi peze peye.

    * Tout koupon p'ap travay nan tout kategori, kèk koupon ap travay sèlman pou sèten kategori. *

    Ouvri Sesyon